top of page

LES NOUVELLES

9 Juin 2021

Akademi Kreyòl Ayisyen : Anons Lanmò Akademisyen Ernst Mirville

E - M.jpeg

Port-au-Prince, Le 9 Juin 2021

Akademi Kreyòl Ayisyen pèdi Akademisyen

 

 Ernst Mirville (1940 -2021)

 

 

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ap anonse avèk anpil lapenn lanmò Akademisyen Ernst MIRVILLE nan lannuit 8 jen 2021 an, nan Petyonvil, Ayiti.

 

Akademisyen Ernst MIRVILLE fèt Pòtoprens nan dat 30 jiyè 1940. Apre plis pase 50 lane travay rechèch, Doktè Ernst MIRVILLE antre nan Akademi Kreyòl Ayisyen 21 fevrive 2018. Se Regwoupman literè ak atistik Tanbou-Literè ki te pwopoze kandidati li nan enstitisyon an.

 

Travay Doktè Ernst MIRVILLE fè nan pwomosyon lang kreyòl la touche plizyè domèn tankou: Edikasyon, Literati, Kilti… Doktè MIRVILLE, yo konnen li sou non Pyè Banbou, se manm fondatè Mouvman Kreyòl (1965) ki pral vin akouche Sosyete Koukouy. Akademisyen MIRVILLE te pwofesè nan plizyè inivèsite tankou, Université d’Etat d’Haïti (UEH) ak Université Polyvalente d’Haïti (UPH), li se otè plizyè liv li ekri an kreyòl epi sou kreyòl. Pami yo nou ka site : Tim-Tim, Rechèch, Deviz, Élément de lexicographie bilingue : créole-français, Grammaire créole comparée.

 

Doktè MIRVILLE se yon teyorisyen ki pote patènite nosyon Oraliti pou pale de literati oral nan lang kreyòl. Travay vanyan gason sa dwe rete vivan pou sèvi plizyè jenerasyon.

 

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA), pèdi yon bibliyotèk, yon mapou, yon patriyach.

 

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) swete fanmi, zanmi, kòlèg ak etidiyan Doktè Ernst Mirville yo kondoleyans pandan l ap mande yo bat tanbou pou selebre lavi Akademisyen an.

AKADEMI KREYOL AYISYEN

bottom of page